Abòde kesyon salè ak kondisyon travay

Ou gen dwa pou òganize w ak lòt moun nan objektif pou chèche amelyore salè ak kondisyon travay yo, pou kesyone pratik pewòl anplwayè w la, epi revandike dwa w yo.

Lwa federal la pwoteje dwa w pou w aji ansanm ak lòt anplwaye pou abòde kondisyon nan travay, avèk oswa san sendika. Travayè Lwa Nasyonal sou Relasyon Travay (National Labor Relations Act, NLRA) kouvri yo gen dwa pou yo fòme, asosye, oswa ede yon òganizasyon travay nan objektif pou yon negosiyasyon kolektif oswa travay ansanm ak kòlèg yo pou amelyore tèm ak kondisyon travay yo. Pwoteksyon sa a etann li nan kèk konvèzasyon ki gen rapò ak travay ki fèt sou rezo sosyo, tankou Facebook ak Twitter.

Ou gen dwa pou w aji ak kòlèg ou yo pou w abòde pwoblèm ki gen rapò ak travay la, tankou pale ouvètman ak youn oswa plizyè kòlèg travay sou salè w, avantaj, ak kondisyon travay ou, oswa asosye w ak kòlèg ou yo pou w pale dirèkteman ak anplwayè w sou pwoblèm nan espas travay ou. Ou gen dwa patisipe oswa pa patisipe nan nenpòt nan aktivite sa yo. Yo pa ka revoke, sanksyone, retwograde, oswa penalize w nan okenn fason paske ou angaje w nan aktivite sa yo.

Two men talking in warehouse

Ou gen kesyon?
Nou la pou ede.

Komisyon Nasyonal Relasyon Travay (NLRB) se yon ajans Federal ki pwoteje dwa ou pou w fè yon gwoup ansanm ak lòt anplwaye pou amelyore salè w ak kondisyon travay ou, avèk oswa san èd yon sendika. Pou jwenn asistans, tanpri rele:

1-844-762-NLRB (1-844-762-6572)

Yo bay èd ann Espanyòl.

Moun ki soud oswa ki gen pwoblèm tande epi ki vle pale ak yon reprezantan NLRB ta dwe voye yon imèl bay relay.service@nlrb.gov. Yon reprezantan NLRB ap voye imèl bay moun k ap fè demann lan avèk enstriksyon sou fason pou pwograme yon apèl sèvis relè.

Resous adisyonèl

Ou gen menm dwa ak tout anplwaye Lwa Nasyonal sou Relasyon Travay kouvri, kèlkeswa estati imigran w. Si ou te depoze yon plent oswa ou se yon temwen epi ou menm oswa reprezantan ou di nou gen aktivite NLRA pwoteje nan yon espas travay epi yon èd imigrasyon nesesè pou pwoteje anplwaye k ap egzèse dwa sa yo oswa k ap patisipe nan pwosesis NLRB a, NLRB pral anvizaje chèche èd imigrasyon pou anplwaye nan espas travay sa a ki enkli aksyon difere, liberasyon kondisyonèl, estati viza U oswa T, oswa lòt èd ki disponib ak apwopriye.

Anpil lwa federal sou travay, tankou, pa egzanp, Lwa sou Nòm Travay Ekitab (Fair Labor Standards Act), Lwa sou Konje Medikal pou Fanmi (Family Medical Leave Act), ak pwogram viza pou travay tanporè (temporary work visa programs), genyen tou dispozisyon kont vanjans ki pwoteje anplwaye yo.

Anjeneral, règleman kont vanjans entèdi vanjans, asèlman, entimidasyon oswa adopte mezi defavorab kont anplwaye yo.

Ou gen dwa pou w ranseye sou salè w, kantite lè w ap travay oswa lòt dwa w epi pale ak anplwayè w oswa reprezantan anplwayè w la. Ou gen dwa pou w poze kesyon sou kantite lè w ap travay oswa sou salè w oswa pratik pewòl yo epi revandike dwa w.

Ou gen dwa pou chèche enfòmasyon sou dwa w oswa depoze yon plent si w panse yo te vyole dwa w.

Ou gen dwa tou pou kolabore nan yon ankèt Divizyon Salè ak Orè san entèferans, entimidasyon, oswa asèlman.

Bezwen plis enfòmasyon?

Konsiltan elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt ki devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak anplwayè konprann dwa ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.