Pwoteksyon moun k ap denonse a

Ou gen dwa pou w pwoteje w kont vanjans.

Yon moun k ap denonse se yon moun ki rapòte kondisyon travay li kwè ki danjeree oswa ilegal. Antanke yon moun k ap denonse, ou gen dwa pou w jwenn pwoteksyon kont vanjans anplwayè w la nan espas travay la paske w rapòte domaj, enkyetid sou sekirite, oswa lòt aktivite ki pwoteje. Vanjans, oswa “aksyon negatif,” ka gen ladan, men se pa sa sèlman, revokasyon, anpeche yon moun jwenn yon lòt travay, oswa refize bay yon travayè avantaj oswa fè menas kont li. 

Yo pa ta dwe fè diskriminasyon kont ou paske w ap egzèse dwa w, tankou dwa w pou:

  • depoze yon plent nan Biwo ki Responsab Sekirite ak Sante nan Travay (OSHA).
  • mande aksè nan dosye ekspozisyon ak domaj anplwaye anplwayè w la kenbe.
  • rapòte yon domaj ki gen rapò ak travay.
  • mande yon enspeksyon OSHA, epi pale ak enspektè a.
  • pote yon plent sou sekirite oswa sante bay anplwayè a.

Si yo te tire vanjans oswa fè diskriminasyon kont ou paske w te egzèse dwa w, ou dwe depoze yon plent nan OSHA nan lespas 30 jou aprè swadizan aksyon negatif sa.

Aggressive/angry boss complaining business woman(casual uniform) in cafe office

Ou gen kesyon?
Nou la pou ede.

Nou pran angajman pou ede w konprann dwa w antanke travayè. Ou ka vizite sit entènèt Pwogram Pwoteksyon Moun k ap Denonse OSHA a pou ka konnen plis:

Pou asistans adisyonèl, tanpri kontakte:

OSHA nan 1-800-321-6742

Tout diskisyon ant OSHA ak anplwaye yo oswa reprezantan yo gratis epi konfidansyèl. OSHA pran plent pou sekirite ak sante anplwaye yo oswa reprezantan yo oserye, epi OSHA ap kenbe enfòmasyon yo konfidansyèl.

Ou gen dwa pou w jwenn pwoteksyon kont vanjans kèlkseswa estati imigran w. Sa gen ladann vanjans ki baze sou estati imigran ou, tankou menas pou rele otorite imigrasyon yo. Gen kèk sitiyasyon kote estati imigrasyon ka fè gen limit nan solisyon w ap ka jwenn si konpayi w ap travay la fè reprezay ki ilegal kont ou. Anplwaye DOL ak envestigatè yo ka ba w plis enfòmasyon sou dwa w nan ka sa yo.

Komisyon Nasyonal Relasyon nan Travay pwoteje dwa w tou pou w patisipe nan “aktivite konsète” – ki enplike anplwaye yo mete tèt yo ansanm pou amelyore espas travay yo, tankou sekirite ak sante nan travay la. Yon egzanp ka enplike de oswa plis anplwaye k ap diskite sou pwoblèm ki gen rapò ak travay anplis de salè, tankou enkyetid sou sekirite, youn ak lòt, oswa yon anplwaye pale ak yon anplwayè sou non youn oswa plis kòlèg sou sekirite nan espas travay.

Resous adisyonèl

Bezwen plis enfòmasyon?

Konsiltan elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt ki devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak anplwayè konprann dwa ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.