Konsènan Worker.gov

Depatman Travay Etazini te kreye worker.gov pou bay enfòmasyon konsènan dwa travayè yo ak enkyetid moun abitye jwenn nan travay. Sit sa a pa konplè. Zouti asistans pou respè règleman sa a kouvri plizyè sijè ak lwa travay ajans federal yo aplike:

DOL-logo

DOL

Misyon Depatman Travay (DOL) se kreye, ankouraje ak devlope byennèt moun k ap touche salè yo, moun k ap chèche travay, ak moun ki retrete Ozetazini; amelyore kondisyon travay; kreye opòtinite pou travay pwofitab; epi asire avantaj ak dwa ki gen rapò ak travay.

EEOC

Komisyon Ki Responsab Pou Garanti Tout Moun Gen Menm Chans Nan Travay (EEOC) responsab pou aplike lwa federal yo ki rann ilegal tout diskriminasyon kont yon kandida oswa yon anplwaye akoz ras yon moun, koulè po, relijyon, sèks (ki gen ladan l gwosès, idantite sèks, ak oryantasyon seksyèl), peyi moun nan soti, laj (40 oswa plis), andikap, oswa enfòmasyon jenetik.

DOJ

Depatman Jistis Etazini (DOJ) aplike lwa federal ki entèdi pratik travay ki fè diskriminasyon sou baz ras, sèks, andikap, relijyon, orijin nasyonal, ak estati sitwayènte.

NLRB

Komisyon Nasyonal pou Relasyon Travay (NLRB) se yon ajans federal endepandan ki gen pouvwa pou pwoteje dwa anplwaye yo pou yo mete tèt yo ansanm epi deside si yo vle gen yon sendika kòm reprezantan negosyasyon kolektif yo. Ajans lan ka aji tou pou anpeche epi jwenn solisyon pou pratik travay enjis konpayi ak sendika sektè prive yo fè.

Sit entènèt ki akonpanye Worker.gov, Employer.gov, bay enfòmasyon sou responsablite kreyatè travay yo pou travayè yo ak repons a kesyon ki komen yo. Epitou nan seri resous asistans pou konfòmite sa yo genyen Konsiltan elaws (Employment Laws Assistance for Workers and Small Businesses), yon seri zouti entèraktif, sou entènèt ki ede anplwayè ak anplwaye yo aprann plis sou dwa ak responsablite yo anba anpil lwa travay federal yo.