Depoze yon plent nan Biwo ki Responsab Sekirite ak Sante nan Travay la (OSHA)

Si w panse gen yon danje ki grav oswa si w panse konpayi w la pa suiv prensip OSHA yo, ou gen dwa pou mande yon enspeksyon. Ou ta dwe depoze yon avi sou swadizan danje pou sekirite oswa sante pi vit ke posib apre w fin remake danje a oswa mank konfòmite a paske yo ka sèlman soti pwosè vèb al OSHA yo pou vyolasyon ki kounye a egziste oswa te egziste nan 6 mwa ki sot pase yo.

Ak Kisa m dwe atann mwen?

Etap 1

Rasanble enfòmasyon pou depoze plent ou an:

 

  • Non, adrès ak nimewo telefòn ou

  • Non an, adrès, ak nimewo telefòn anplwayè (oswa ajans travay) ou vle depoze yon plent kont li a

  • Non manadjè oswa pwopriyetè a

  • Kalite biznis

  • Yon deskripsyon danje ou panse ki egziste a ansanm ak batiman an oswa sit travay la

Etap 2

Deside jan w vle depoze l la:

  • Sou entènèt

  • Atravè telefòn nan 1-800-321-OSHA

  • Atravè kourye oswa faks

Etap 3

  • N ap revize plent ou an epi kontakte ou si nou bezwen plis enfòmasyon.

Etap 4

N ap travay avèk ou pou reponn kesyon ou yo epi detèmine si yon ankèt ap pi bon aksyon nou dwe pran.

Etap 5

N ap mennen yon ankèt epi n ap pataje rezilta nou yo avèk ou.

 

Engineer wearing gas mask outside the factory