Depoze yon plent nan Biwo Pwogram Pou Respè Kontra Federal yo (OFCCP)

OFCCP bay moun ki fè biznis ak gouvènman federal la—kontraktè ak soutretan—responsabilite pou yo respekte kondisyon legal pou yo pize aksyon pozitif e pou yo pa fè diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, laj, enfòmasyon jenetik, sèks, oryanstasyon seksyèl, idantite sèks, relijyon, peyi moun nan sòti, andikap oswa pozisyon moun nan antanke yon ansyen militè ki gen pwoteksyon. Met sou sa, kontraktè ak soutretan federal yo gen entèdiksyon pou fè diskriminasyon kont moun ki poze kesyon, fè konvèsasyon, oswa di konbyen yo touche oswa konbyen lòt moun touche, dapre kèk limit.

An jeneral, ou dwe depoze yon plent pou w di gen diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl, idantite seksyèl, peyi yon moun soti, oswa ki baze sou kesyon, konvèsasyon, oswa pataj konbyen moun touche, nan espas 180 jou soti nan dat diskriminasyon w di w sibi a, sof si yo pwolonje dat pou depoze pou yon bon rezon. Si plent ou a fè konnen gen yon vyolasyon ki baze sou andikap estati antanke yon ansyen militè, ou dwe depoze l nan espas 300 jou sof si yo pwolonje tan pou depoze a pou yon bon rezon.

 

Ak Kisa m dwe atann mwen?

Etap 1

Rasanble enfòmasyon pou depoze plent ou an:

  • Non, adrès ak nimewo telefòn ou
  • Non an, adrès, ak nimewo telefòn anplwayè (oswa ajans travay oswa sendika) ou vle depoze yon plent kont li a
  • Kantite anplwaye yo anboche la (si w konn sa)
  • Yon deskripsyon kout sitiyasyon ou panse ki te zak diskriminasyon (pa egzanp, yo te revoke w, retwograde w, asele w)
  • Lè sitiyasyon an te rive
  • Poukisa w panse ou te sibi diskriminasyon (akoz ras ou, koulè po w, relijyon w, sèks ou, idantite seksyèl ou ak oryantasyon seksyèl ou, peyi w soti, laj, andikap, oswa estati antanke ansyen militè)

Etap 2

Ranpli fòmilè a nan lang ou prefere a: Anglè, Chinwa Senplifye, Chinwa Tradisyonèl, Kreyòl Ayisyen, Hmong, Espanyòl oswa Vyetnamyen.

Etap 3

Deside jan w vle depoze l la:

 

Etap 4

Apre w fin depoze plent ou an, n ap ba w yon kopi l avèk yon nimewo plent. N ap revize plent ou an epi kontakte ou si nou bezwen plis enfòmasyon. Si w potko siyen plent ou an, OFCCP ap mande w pou w fè sa.

Etap 5

N ap kolabore avè w pou reponn kesyon w yo epi deside si pou n mennen yon ankèt sou dosye a

Etap 6

Lè OFCCP mennen ankèt. li rete net pou l jwenn detay Si OFCCP jwenn ase prèv diskriminasyon, ou ka gen pou w peye dedomajman oswa lòt solisyon.