Dwa anrapò ak Sekirite

Avètisman:  Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay (OSHA) gen resous pou ede anplwayè ak travayè yo prepare pou epi reponn ak kowonaviris nan espas travay la.

Ou gen dwa pou w jwenn yon espas travay ki an sante epi ki an sekirite.

Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay la angaje l pou l ede w asire kondisyon travay san danje epi an sante pou travayè yo lè li kreye epi fè respekte prensip yo epi li bay fòmasyon, kontak, edikasyon ak asistans.

Ou gen dwa pou w travay yon kote ki an sekirite epi ki pwòp kèlkeswa estati imigrasyon w.

Di nou enkyetid ou genyen, pou w aprann sou dwa w yo epi konnen ki moun pou w kontakte si w bezwen plis enfòmasyon.