Dwa pou Egalite

Dwa pou w benefisye pwoteksyon kont diskriminasyon.

Lwa federal la rann li ilegal pou anplwayè ki kalifye yo (gade sèy jiridiksyonèl pou OFCCP ak kouvèti pou EEOC) fè diskriminasyon kont yon moun ki aplike pou travay oswa yon anplwaye akòz ras, koulè, relijyon, sèks moun nan (ki gen ladan gwosès), idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, orijin nasyonal, laj (40 oswa plis), andikap, enfòmasyon jenetik, sitwayènte oswa estati imigran, oswa estati sòlda oswa veteran. Pou anplwayè ki se kontraktè ak soutretan federal, li ilegal tou pou fè diskriminasyon kont moun ki poze kesyon, diskite, oswa divilge konpansasyon yo oswa konpansasyon lòt moun, sou rezèv kèk limit.

Ka gen diskriminasyon nan travay tou lè politik oswa pratik yon anplwayè ki aparamman jis gen yon gwo enpak negatif sou moun yo akoz yon karakteristik pwoteje san demontre politik oswa pratik sa yo gen rapò ak travay la ak konfòm ak nesesite biznis la. Pa egzanp, yon anplwayè kapab egzamine aplikan ki gen kondisyon fòs (e.g., yon nesesite pou leve 50 liv san asistans) ki depase egzijans aktyèl ki nesesè pou fè travay la, epi ki lakòz plis fanm pa kalifye pase gason. Sòf si anplwayè a ka montre pratik sa yo gen rapò ak travay la epi nesesè pou biznis la, lè sa a anplwayè a ka ap fè diskriminasyon.

Epi ka gen diskriminasyon tou lè ou menm ak moun ki fè diskriminasyon kont ou a pataje yon karakteristik tankou ras oswa orijin nasyonal.

An jeneral, ou gen dwa pou w jwenn pwoteksyon kont diskriminasyon kèlkeswa estati imigran w, menm si nan kèk sitiyasyon, estati imigran w ka fè gen limit nan solisyon w ap ka jwenn.

Di nou enkyetid ou genyen, pou w aprann sou dwa w yo epi konnen ki moun pou w kontakte si w bezwen plis enfòmasyon.