Dwa pou Òganize

Dwa pou met ansanm ak kòlèg yo.

Lwa Nasyonal sou Relasyon Travay (NLRA) la pwoteje dwa pifò anplwaye nan sektè prive a pou yo òganize, pou yo patisipe nan demach an gwoup pou amelyore salè yo ak kondisyon travay yo, pou yo deside si yo vle gen yon sendika antanke reprezantan negosyasyon yo, pou yo patisipe nan negosyasyon kolektif, e pou yo refize nenpòt nan aktivite sa yo.

Di nou enkyetid ou genyen, pou w aprann sou dwa w yo epi konnen ki moun pou w kontakte si w bezwen plis enfòmasyon.