Idantite seksyèl

Ou benefisye pwoteksyon kont diskriminasyon.

Ou gen dwa pou w travay nan yon anviwonman ki pa gen diskriminasyon ilegal ak asèlman ki baze sou idantite seksyèl ou oswa yon chanjman sèks. Diskriminasyon ki baze sou idantite seksyèl se yon fòm diskriminasyon ki baze sou sèks.

Ka gen diskriminasyon nan travay la tou lè politik oswa pratik yon anplwayè ki sanble jis genyen yon gwo enpak negatif sou moun akòz idantite seksyèl yo san yo pa demontre politik yo oswa pratik yo gen rapò ak travay la e konfòm avèk nesesite biznis la. Epi ka gen diskriminasyon tou lè ou menm ak moun ki fè diskriminasyon kont ou a pataje yon karakteristik ki pwoteje tankou idantite seksyèl.

Portrait of a transgender female working in a store

Ou gen dwa pou w depoze yon plent oswa yon Chaj Diskriminasyon, patisipe nan yon ankèt sou diskriminasyon nan travay oswa pwosè, patisipe nan nenpòt aktivite opòtinite egal nan travay ki pwoteje (EEO), oswa opoze ak yon asèlman oswa diskriminasyon san anplwayè w pa tire vanjans kont ou.

An jeneral, ou gen dwa pou w jwenn pwoteksyon kont diskriminasyon kèlkeswa estati imigran w, menm si nan kèk sitiyasyon, estati imigran w ka fè gen limit nan solisyon w ap ka jwenn.

Kisa sa vle di pou ou

Anplwayè yo pa gen dwa fè diskriminasyon kont ou akoz:

  • idantite seksyèl ou,
  • estati transeksyèl ou, oswa
  • enfòmasyon medikal sou idantite seksyèl ou.

Egzanp diskriminasyon

An jeneral, sa vle di ke yo pa kapab:

  • revoke w,
  • refize w yon travay oswa yon pwomosyon,
  • ba w egzekite tach ki mwens enpòtan,
  • fòse w pran konje, oswa
  • oswa mezi disiplinè

akoz idantite seksyèl ou.

Resous adisyonèl

Bezwen plis enfòmasyon?

Konsiltan elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt ki devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak anplwayè konprann dwa ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.