Konje familyal ak medikal

Anplwaye ki kalifye yo gen dwa pran konje ki pa peye.

Dapre Lwa Konje Familyal ak Medikal (FMLA), anplwaye ki kalifye pami anplwaye ki kouvri yo gen dwa pou yo pran konje pa peye, pou yo sere travay yo pou yo, pou rezon fanmi ak medikal e k ap kontinye gen asirans yo ak menm règleman ak kondisyon yo si anplwaye a p at pran konje. Lè w sot nan konje FMLA, ou dwe reprann travay ou te ye a oswa yon travay ki menm e ki peye menm kòb la, ki bay menm avantaj, ak règleman ak kondisyon travay yo. Yo pa ka konte itilizasyon konje FMLA w la kont ou dapre yon règleman prezans “san fot”.

Gen kèk moun ki ka gen dwa pran konje ki pa peye sa yo pa pè pou yo revoke yo si yo se yon anplwaye kalifye yon konpayi ki kouvri. Lè w se yon anplwaye ki kalifye, sa vle di w ap travay pou konpayi a depi omwen 12 mwa, omwen 1,250 èdtan nan 12 mwa ki sot pase yo, e w travay yon kote konpayi a anplwaye 50 oswa plis anplwaye nan distans 75 mileyaj.

Si w kalifye, ou gen dwa pou w pran 12 senèn travay nan yon peryòd 12 mwa:

  • pou akouchman yon timoun oswa pou pran swen yon timoun ki fenk fèt nan espas ennan apre nesans.
  • pou adopsyon oswa fanmi dakèy ak pou swen timoun yo fenk mete nan yon fanmi nan espas ennan apre plasman an
  • pou pran swen yon konjwen, timoun, oswa paran ki gen gwo pwoblèm sante
  • pou yon maladi ki grav ki anpeche w fè travay esansyèl nan travay ou
  • nenpòt egzijans ki kalifye kote konjwen yo, pitit yo, oswa paran se yon moun nan lame ki kouvri ki nan “travay aktif ki kouvri.”
Portraits of a day old Hispanic/Caucasian mixed race baby girl. Shot from over the shoulder of the mother to give focus and perspective to the babies beautiful face.

Ou gen kesyon?
Nou la pou ede.

Nou pran angajman pou ede w konprann dwa w antanke travayè. Yo ka reponn anpil kesyon sou dwa w lè w sèvi ak Konseye lwa sa yo (Asistans sou Lwa Travay pou Travayè ak Ti Biznis yo) :

Pou asistans adisyonèl, tanpri kontakte:

Divizyon sou Salè ak Orè Travay nan Depatman Travay Etazini an: 1-866-4-US-WAGE (1-866-487-9243)

Tout konvèzasyon avèk nou yo, ki gen ladann plent, yo gratis epi konfidansyèl. Yo p ap divilge non w ak nati plent lan bay anplwayè w la. Nou ta ka pataje enfòmasyon sa yo lè sa nesesè pou pouswiv yon akizasyon, epi nou ta ka fè sa sèlman avèk pèmisyon w, oswa si yon tribinal egzije sa.

Si w se konjwen, pitit, paran, oswa paran pwòch yon militè ki kouvri ki malad oswa blese, ou gen dwa pran 26 semèn konje pandan yon sèl peryòd 12 mwa pou bay militè a swen.

Met sou sa, kèk lwa eta ka ofri pwoteksyon pou travay oswa avantaj nan konje peye pou rezon medikal, pou bay swen ak pou konje paran. Pou jwenn plis enfòmasyon, kontakte ajans leta w la oswa biwo Resous Imèn anplwayè w la.

Resous adisyonèl

Bezwen plis enfòmasyon?

Konsiltan elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt ki devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak anplwayè konprann dwa ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.