Laj

Ou benefisye pwoteksyon kont diskriminasyon.

Diskriminasyon sou laj rive lè yon moun ki aplike pou yon travay oswa yon anplwaye yo trete yon fason ki pa bon akòz laj yo. Li ilegal pou yon anplwayè fè diskriminasyon kont moun paske yo gen 40 lane oswa plis. Li pa ilegal pou anplwayè yo favorize travayè ki pi gran yo baze sou laj, menm si sa afekte yon jèn travayè ki gen 40 lane oswa plis. Diskriminasyon kapab rive menm si moun ki angaje nan aksyon diskriminasyon an gen plis pase 40 lane. Anplwayè yo pa dwe otorize manadjè yo, kòlèg travay yo, oswa lòt moun nan espas travay la asele moun akòz laj yo.

Turner worker working on drill bit in a workshop

Ou gen kesyon?
Nou la pou ede.

Pou asistans, tanpri kontakte Komisyon sou Opòtinite Egal nan Travay Etazini (EEOC):

EEOC: 1-800-669-4000 (Videyo nan Telefòn pou Lang Siy Ameriken, ASL Video Phone: 1-844-234-5122), info@eeoc.gov oswa itilize Pòtay Piblik la

Yon règleman oswa pratik travay ki aplike pou tout moun, kèlkeswa laj yo, kapab ilegal si li gen yon enpak negatif sou travayè ki aje yo plis pase travayè ki pi jèn yo san pwouve règleman oswa pratik la baze sou yon faktè ki rezonab ki pa laj.

Malgre pa gen okenn lwa federal ki pwoteje moun ki gen mwens pase 40 lane yo kont diskriminasyon sou laj, kèk eta ka gen lwa sa yo.

Ou gen dwa pou w depoze yon plent oswa yon Akizasyon pou Diskriminasyon, patisipe nan yon ankèt k ap fèt nan kad diskriminasyon oswa pwosè nan travay, patisipe nan nenpòt aktivite opòtinite travay egal ki pwoteje (EEO), oswa kanpe kont diskriminasyon san konpayi w ap travay la pa fè reprezay kont ou.

An jeneral, ou gen dwa pou w jwenn pwoteksyon kont diskriminasyon kèlkeswa estati imigran w, menm si nan kèk sitiyasyon, estati imigran w ka fè gen limit nan solisyon w ap ka jwenn.

Egzanp diskriminasyon

An jeneral, sa vle di ke yo pa kapab:

  • revoke w,
  • refize w yon travay oswa yon pwomosyon,
  • ba w egzekite tach ki mwens enpòtan,
  • fòse w pran konje, oswa
  • oswa mezi disiplinè

akòz laj ou, si w gen 40 lane oswa plis.

Resous adisyonèl

Bezwen plis enfòmasyon?

Konsiltan elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt ki devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak anplwayè konprann dwa ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.