Salè ki anvigè pou kontra federal yo

Yo dwe w salè ki anvigè yo nan kad yon kontra federal ki kouvri oswa yon kontra ki finanse oswa ki jwenn èd gouvènman federal la

Konstriksyon

Lwa Davis-Bacon ak Lwa ki Koresponn yo (DBRA) egzije pèman salè ki aplikab nan zòn nan pou mekanisyen ak travayè ki fè travay nan pwojè konstriksyon ki resevwa finansman oswa èd gouvènman federal la. Salè Davis-Bacon ki gen nan moman an se salè pa èdtan debaz la met ak nenpòt avantaj sosyal ki mansyone pou yon klasman presi travayè nan desizyon sou salè aplikab Davis-Bacon. Yon lis pou deside sou salè Depatman Ki Responsab Salè ak Lè (WHD) a mete sou pye pou aplike nan yon zòn byen presi pou yon seri kalite konstriksyon e ki obligatwa pou kontraktè sou sit travay la afiche l yon kote tout moun konnen e ki aksesib kote li fasil pou travayè yo wè. Desizyon sou salè Davis-Bacon yo pibliye anliy sou Sam.gov.

Si w ap fè travay nan yon pwojè konstriksyon ki resevwa finansman oswa èd gouvènman federal la ki gen pou l respekte egzijans Davis-Bacon nan, yo dwe peye w pou travay ou te fè sou pwojè a, pa egzanp, si w te travay nan kategori elektrisyen, yo dwe peye w salè ki aplikab pou elektrisyen ki mansyone nan lis salè a.

Sèvis

Lwa Kontra Sèvis la (SCA) aplike pou kèk kontra sèvis ki aplike Etazini oswa Distri Kolonbi vin avè l. Kontraktè oswa soutretan nan kontra ki kouvri konsa dwe peye anplwaye sèvis k ap fè travay nan kontra a yon salè minimòm ak avantaj sosyal, lè sa aplikab. Montan salè a ak avantaj sosyal yo dwe peye a mansyone nan deskripsyon salè SCA. Kontraktè a oswa nenpòt soutretan ki nan yon kontra SCA ki kouvri dwe fè chak anplwaye sèvis konnen kòmansman travay lajan pou salè minimòm ak nenpòt avantaj sosyal pou yo peye oswa dwe afiche deskripsyon salè a ki vin ak kontra sa a nan yon kote tout moun ka wè l e tout moun gen aksè nan travay la. Desizyon sou salè SCA yo pibliye anliy sou Sam.gov.

Si w ap fè travay nan yon kontra sèvis SCA kouvri, ou dwe peye travayè ki kouvri yo omwen salè ki aplikab nan moman an pou l klasman y ap travay la.

Closeup construction engineer standing in front of a building. He's doing some calculation and inspection by looking at construction plan and using binoculars.

Ou gen kesyon?
Nou la pou ede.

Nou pran angajman pou ede w konprann dwa w antanke travayè. Yo ka reponn anpil kesyon sou dwa w lè w sèvi ak resous sou entènèt sa yo:

Pou asistans adisyonèl, tanpri kontakte:

Divizyon sou Salè ak Orè Travay nan Depatman Travay Etazini an: 1-866-4-US-WAGE (1-866-487-9243)

Lè w kontakte DOL, tout diskisyon avèk nou yo, ki gen ladann plent, yo gratis epi yo konfidansyèl. Yo p ap divilge non w ak nati plent lan bay anplwayè w la. Nou ta ka pataje enfòmasyon sa yo lè sa nesesè pou pouswiv yon akizasyon, epi nou ta ka fè sa sèlman avèk pèmisyon w, oswa si yon tribinal egzije sa.

Bezwen plis enfòmasyon?

Konsiltan elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt ki devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak anplwayè konprann dwa ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.