Trafik moun ak espas travay abizif

Travay dwe yon bagay volontè. Ou gen dwa pou kite nenpòt sitiyasyon travay, sitou yon sitiyasyon travay ki fòse, abizif, ak/oswa k ap eksplwate.

Eksplwate yon moun pou fè l travay, bay sèvis, oswa pou pwostitisyon lè yo sèvi avèk fòs, fwod, oswa presyon se yon krim ki rele trafik moun. Pa gen pwofil inik pou yon moun ki viktim zak trafik moun. Nenpòt moun kapab viktim trafik moun – kèlkeswa ras, koulè, orijin nasyonal, andikap, relijyon, laj, sèks, oryantasyon seksyèl, idantite sèks, estati sosyo-ekonomik, nivo edikasyon, oswa estati sitwayènte w. Trafik moun ka fèt lè gen presyon sikolojik oswa menas pou yo fè w mal ki pa fizik, menm si pa gen vyolans fizik oswa menas pou yo fè w mal fizikman oswa kontrent. Gen kèk siy avètisman ki ka endike trafik moun. 

Trafikan yo, ak moun k ap ede yo, kapab:

  • sèvi ak menas ak lòt zak entimidasyon (ki enkli menas depòtasyon) pou fè ou menm oswa lòt moun santi yo telman pè pou eseye kite;
  • mande pou w fè travay, bay sèvis, oswa fè zak pwostitisyon (pwostitisyon) pou ranbouse yon dèt;
  • sèvi ak règ ak kontwòl yo pou rann li pi difisil pou ou menm oswa pou lòt moun kite, pote plent, oswa chèche èd;
  • pran paspò oswa lòt dokiman enpòtan pou rann li pi difisil pou kite, pote plent, oswa chèche èd; oswa
  • fè fo pwomès sou kalite travay, kantite lè travay, kondisyon travay oswa lavi, oswa salè.
Portrait of depressed unhealthy lady, domestic violence victim human trafficking

Ou gen kesyon?
Nou la pou ede.

Si yo te maltrete w oswa maltrete yon moun ou konnen, kontakte Asistans Telefonik Nasyonal pou Trafik Moun (National Human Trafficking Hotline). Gen espesyalis ki fòme ki disponib 24 èdtan epi 7 jou sou 7 pou ede nan plis pase 200 lang. Rapò ou a konfidansyèl epi li ka anonim. Se yon òganizasyon non-gouvènmantal ki jere Asistans telefonik la.

Rele Asistans Telefonik Nasyonal pou Trafik Moun nan 1-888-373-7888 (nan peyi Etazini) oswa voye mesaj tèks “BeFree” (233733).

Si w nan sitiyasyon danje imedya, rele lapolis nan 911 (nan peyi Etazini). Eksplike yo ijans lan, kote ou ye a, ak nimewo telefòn kote w ap rele a. Mande yon entèprèt si ou pa pale anglè.

Resous adisyonèl

Viktim trafik moun yo gen dwa pou jwenn pwoteksyon ak sèvis epi yo ka kalifye pou jwenn kèk avantaj piblik. Ou gen dwa pou mande èd kèlkeswa estati imigran w epi kite yon sitiyasyon travay abizif.

Si yo te abize w, sa ki pi enpòtan an se pou w chèche mete w an sekirite. Ou pa oblije rete nan travay ou a si anplwayè w ap abize w. Si w pa yon sitwayen Ameriken epi w ap travay Ozetazini ak yon viza valid, estati viza w la ka pa valid ankò si w kite anplwayè w la, men ou ka kalifye pou yon viza non imigran U oswa T. W ap jwenn èd ki disponib.

Ou ka depoze yon plent fòmèl oswa mennen yon pwosè kont anplwayè w la pandan w nan travay la oswa aprè w fin kite anplwayè w la. Si anplwayè w la pran mezi (oswa fè presyon) kont ou paske w fè sa, y ap vyole lalwa.

Bezwen plis enfòmasyon?

Konsiltan elaws (Lwa Asistans Travay pou Travayè ak Ti Biznis) yo se yon seri zouti sou entènèt ki devlope pa Depatman Travay Etazini pou ede anplwaye ak anplwayè konprann dwa ak responsablite yo anba lwa travay federal yo.